Articles

Affichage des articles du mai, 2023

CHAPIT IV

Image
   Men se on rev non reyalite paske mte vle viv li nan moman . Nan menm momna mte reveye kote mte vinn ap panse e sim mta eseye menm on fwa e, esi mta eseye fel sousem esi esi ...... sel sa yo ki ap monte nan tet mwen.   KEK MWA APRE Mvinn retounen lekol , kote mvinn repran abitid mwen te genyen yo routinn bazik mwen yo ,mte vinn kontre ak JoJ ki pat vinn lekol nan jou a men se pandan map rantre lekol la nou te jis salye lot epi li te souri epi li ale nan lot bagay , men se menm jou a kote mpral pran baton pou leson e pran  on M pou resitasyon , e pran baton pat dous san manti mte kriye pase ti bebe apre mte vinn paka chita paske deyem te cho ak kout rigwaz Met Maya , nan rekreyasyon mte leve mal nan bar la poum al manje epi mvinn rankontre ak lot timesyeu nan bar la epi nou te komanse pale de sak gen pou demen epi se menm jou an vinn gen on manif kote timesye Etnoloji yo tap tire roch sou lapolis epi menm jou a , lapolis tonbe tire gaz e menm jou a sete seum lan ki...

CHAPIT III

Image
  Men terapi te plis mantal ke fizik paske mte vinn antoure de tout moun ke mwen renmen e ki renmen'm , ti kal pa ti kal mte komanse ap geri fizikman mte komanse ka bouje ponyet mwen , e mantalman mte komanse ap reprann mwen . Se nan moman terapi ke mwen pral vinn ka bouje ponyet mwen e se konsa map vinn ap reprann mwen mkomanse pa fè bri lanwuit , ni rele anmwey men kay la ap souke.Se nan menm Semèn lan ke gran sèm lan pral fon alèji ak fri lanmè se pase nan move moman , se nan aprè midi ke yo te finn fon diri ak lalo epi mwen son manje ke mwen renmen anpil mpat menm pran tan poum kouri al pran pam , yo potel pou sèm li te komanse manje byen pwòp epi li vinn paka respire li komanse ap tranble , menm lè a yo kouri al lopital avèl , yo gentan fè tout manèv pou edel nan minimum tan yo te genyen an , lè li rantre a li al kouche . Leve nan matin mal chita nan lakou a poum ka jwenn on ti tan poum pale ak tet mwen paske mwen tout bagay ki bon e ki pabon e nan tet lan yo pase , lem rive n...

CHAPIT II

Image
  Mte gen ke sote men mte fel mte ekri tout pou li nan on lot fey epi mba lil , men se pa premye e denye fwa mpral nan moman konsa.  Rive Mardi apre dikte , mwen ak Goerges te chita nan pale de sa nou te fe a mpat alez , mte santim mare apre nou te vinn nan chita manje bay blag apre 2 rekreyasyon, mwen ak Goerges (Joj) ta pral lakay nou paske se te denye egzamen pou premye trimes la , mte vinn antre lakay mwen , rive mrive manman'm mte gentan fè manje depi avanl te vinn chachem e jou sa li fon manje ke mwen pat vle wé kise pitimi ak sos pwa kongo sèch ak bon vyann poul , san pase sou kote mte pran manje a mte jis vire mal chita sou do lakay la , men yo konnen mpat janm renmen'l yo tap veyem ,mte pran de twa kiye aprè mjete rès la men mte manje vyan lan , men domaj apre sa yo pral we'l nan fatra kote jou sa mpral pran on level baton map tou al domi jis poum leve demen jou lekol. Li te 5:00 nan matin mte vinn leve nan domi ,jou sa mleve poum al lekol ak kè kontan mpa konn kot...

CHAPIT I

Image
Li te 4h nan matin mte fek pral lekol mte gn 2 lane , lem te fek antre nan kinder , mte tou fete 2 zan (haha) paske joum antre lekol la se te jou fèt mwen , apenn mfinn rantre lekol mrankontre on demwazel ki Francessca Colas  depi premye rankont lan mte gentan di nan imajinasyon m " Yowwwwww li belll jis pou montre nan ki pwen ke ti cheve nwa koulè kobo yo ak ti je mawon nwazet li yo"  te gentan fem imajine anpil bagay , rive lekol la yo t vinn mete nou nan menm klas mte chita devan li te devan tou men 2 chèz a goch mwen , nan mitan jounen , nan rekreyasyon mte vinn al kotel mte gen bwat vre men mpat gen lot fason poum tal aprochel sete mande manje avel  e li te dakò , manje ansanm . Pandan kek mwa nou te vinn telman proch ke menm manmanm te panse mte fiyanse , mte vinn rankontre Jordan , Mick , Josue se moun sa yo mte vinn rankontre sou ban Kinder , pandan nou chita nap pase tan ansanm epi komanse genyen nan yo ki komanse kite lekol la , rive preparatwa 2 vinn rete mwen,...

Prefas

Image
                     .A Part of My Story mwen ekril poum di ke jan map viv lan ak jan nou panse map viv lan li pa osi pafe sitou an Ayiti , grandi nan on katye popilè pa fasil sitou de no jou nan katye popilè yo , nou jwenn ti jenn ki nan drug , ki gen pitit boneu ak on pil lot . Li te 4h nan matin mte gn 2 lane , mpat on ti gason tibilan , mte toujou apa , a koz mte konn imajine trop e mond fizik lan pat mond mwen anvrè, Non konplèm Se Sampeur Tom Marc Edouard , genyen ki Relem Tom, Marcus , Marco , Tommy, Tom and Jerry , timoun 2001 ,ann kite prefas yo pou nou rive nan premye Chapit Istwa.