CHAPIT I
Li te 4h nan matin mte fek pral lekol mte gn 2 lane , lem te fek antre nan kinder , mte tou fete 2 zan (haha) paske joum antre lekol la se te jou fèt mwen , apenn mfinn rantre lekol mrankontre on demwazel ki Francessca Colas depi premye rankont lan mte gentan di nan imajinasyon m "Yowwwwww li belll jis pou montre nan ki pwen ke ti cheve nwa koulè kobo yo ak ti je mawon nwazet li yo" te gentan fem imajine anpil bagay , rive lekol la yo t vinn mete nou nan menm klas mte chita devan li te devan tou men 2 chèz a goch mwen , nan mitan jounen , nan rekreyasyon mte vinn al kotel mte gen bwat vre men mpat gen lot fason poum tal aprochel sete mande manje avel e li te dakò , manje ansanm . Pandan kek mwa nou te vinn telman proch ke menm manmanm te panse mte fiyanse , mte vinn rankontre Jordan , Mick , Josue se moun sa yo mte vinn rankontre sou ban Kinder , pandan nou chita nap pase tan ansanm epi komanse genyen nan yo ki komanse kite lekol la , rive preparatwa 2 vinn rete mwen, Jordan,Francessca , on madi kite 24 mai premye bizou se te pou Francessca paske l tap kriye e lot timoun yo te fel kriye (hahaha), se te pou konsolel men li pat konsole vre li te stil ap kriye ,men mte eseye pale avel mandel si li vle manje ,( mpat konn koze menzanmi) nou vinn fini pa gradye nan Kinder Ansanm nou 3, answuit vinn gen pou nou antre nan primè kote nou 3 pral on kote diferan e nou pral fè nouvo rankont , mwen se nan Frè Andre Champs Mars mte ye , Francessca Se Mere Lalue ( Timalis), Jordan se College Bird. Komanse nan premye ane vinn komanse antre nan on lot mond e lot dekouvet nan domenn kominikasyon moun ak moun , kote mte vinn antre nan Frère Andre , mte nan men on Prof ki rele Met Jean Charles kise youn nan moun ke mta pral vinn lye on amitye ave'l nan premye ane a mte vinn rankontre Goerges kise konpletman on lot vesyon mwen men an dezod , san manti nan klas la te gen 25 elev e sou 25 lan wap jwenn a pepre 9/25 ki pa dezod mte menm fe pati de moun sa yo, komansman premye ane a fet ak Goerges kote ke mwen a Avel te tounen de fre . Ben nan moman sa yo mpat trop konn poze kesyon kote lem te fek rive lekol la mte renmen ti kwenm pou kom nan blok direksyon an pandan map jis jwe poukom , apre se nan jwe poukom ke Goerges te vinn jwenn mwen on le ap jwe epi li mandem :
-Mka vinn jwenn ou ?
-Ui, men Poukisa ?
-Paske mwen wew toujou poukow
Nan menm moman te vinn jwenn on Kouzenm ki rele MIKE kite pi gran ke mwen li tap fe 5 ane e mwen mte fek paret lekol la e se fini li pral fini ,a koz de MIKE mte komanse fe prezatasyon ak timoun kite nan 5em ak 6em Ane ,mte komanse antre nan sek neg ki pi gran yo , men istwa mwen ak Goerges te still kontinye jis on le konsa mte komanse nan jwe boul ak Bwat jina nan lakou lekol la , jis vinn gen on jwet ki leve ki rele Gason pa kanpe "Depi wap jwe ak bwat Jina pouw ap mache drible mezi timoun kap jwe yo men fo fe atansyon pou yo pa pranw ak tout bwat jina paske e takle de pyew few vole tankou zwazo" , mte komanse jwe apre mte vinn retire kom paske jwet sa te trop Bosal , mte vinn al pozem poum manje , jou sa si te manje de ouff "kom yo konn di de no jou yo" , men a fos mwen ak Goerges ap fe tan ansanm nou vinn alez manman'l ak manman'm te telman vinn alez , ben menm jou sa te vinn manif jou sa se etidyan Etnoloji ki tap manifeste e jou ja se premye fwa mte pran nan gaz a klimojenn mte komanse nan kriye pou jem kap pikem , pou goj mwen ki ap pike eksetera.... Jou sa se devan Basin Dlo lekol la genyen ke yo mete nou kanpe e se elev 5 ak 6 ane ki tap jere nou kote kouzenm lan te pran mwen ak Goerges mete nou menm kote pou nou pa pedi le yo vinn chache nou manman te panike a tel pwn li te kriye (men nan tet mwen se te fun). Nan demen mvinn jwenn timesye lekol yo ak Goerges mte komanse ap chache infliyans pi gran poum konn kijan lavi lekol la ye tou sa e se te premye jou mta pral resi goumen (menm si jou a mpa tire on kout pwen menm) , jou sa nan rekreyasyon te gen on ti jenn om ki rele Charles ki pat vle mte chita pale ak timesye klas 4 ane a men mte gen kek zanmi nan klas sa yo, nan rekre a te al chita nan bar mte komanse ap tande pale de "ponno" e sak rele fe "bagay la","Plumen" , jou sa mte stil ap poze kesyon sou sa yo ye ak lot kesyon ki echapem , men mte komanse ap tande pale e mte vle konn plis kote Charles te vini li ralem li dim
-"Deplase la piti"
Si se nan kesyon wote Charles te wo e gen fizik .
- Poukisa ?
- Paskew son piti
Mwen kite ap deplase Goerges vinn paret li dim non pa deplase Charles te pousem e Goerges te vinn komanse nan tire kout pwen kote Mwen map gade map di pa fe sa se nan Direksyon yo te vinn mennen l ak Charles kote yo te bay Charles sanksyon e Goerges non depi jou sa mte vinn santi mwen te gen proteksyon GOERGES .Nan rantre lakay mwen jou sa manman'm mte al pran kamyonet sou lalue avem mte tou kout , jou son jou vandredi li te telman gen problem kamyonet e jou sa mwen rankontre "Jordan" kap monte nan machinn ak papa'l , mwen te rele Jordan byen fo nan lari a li te wem yo te kanpe pou yo ba nou woulib , tout nan machinn lan mwen ak Jordan nap pale pou tout le nou pat we yo , lem rive nou desann san manti se youn nan moman mte vle reviv nan menm aswe a . Nan menm aprem lan lem antre lakay la mvinn jwenn seum lan ki fatigue ak lekol etc... Men mte vini mfe gro bizou pou mwen e san manti se sel moun kite motivem apres Manman'm ak Gran frem ,men jou sa mte wel ap kriye mte vinn mandel sal te genyen li te dim se fatigue tou sa , men nan anfans mwen mpat konn sa poum te di vreman apa mte dil ou dwe domi .Rive demen nan matin se te jou resitasyon Geografi ak Dikte pou egzamen trimes kote mwen ak Goerges ki nan menm ranje mte toujou konn ap kouri deyel pou etidye se te toujou Swa li fom M oubyn li fon B , men depi gn egzamen e li kite met klas , jou sa dikte tap bay e kom mkonnen patnem pat fo nan Ditke e mwen pat on elev kifo men on elev aplike ( kise jan de elev ki ap etidye poul reyisi) . Jou sa mwen aK Goerges te chita menm kote e se premye fwa mta pral bay poul nan vim e premye fwa mta pral konpoze pou moun jou sa dikte komanse bone apre kek paragraf mwen we'l kole mwen mandel:
-Saw genyen ?
-Mkole
-Kibo?
-Nan dezyem paragraf ak twazyem lan mbliye ki mo yo te di
-Taleu banm li pou ou
-Non , banm fey ou a pito ?
-Non, yap pranl
-Non , Map kache nonw ?
Mte gen ke sote men mte fel mte ekri tout pou li nan on lot fey epi mba lil , men se pa premye e denye fwa mpral nan moman konsa .....
A suivre......
Commentaires
Enregistrer un commentaire