CHAPIT V


 




Le nou te fini li dim fok nou we pi souvan men nan tet mwen mte santi ke mwen pat fe anyen men mte viv on bel moman ak li men mte vle plis toujou ....Mte leve nan demen , kote mwen tal benyen nan menm jounen an , mte soti al jwe on ti foutbòl ak 0atnèm yo Ki rete tou prem yo limit lakay mwen selman mte konn soti se nan vakans nou te ye , bel vakans ete , Kote nap jwe mab , jwe foutbol , fè jwèt imajinè. 

Nan moman mta pral fè sizyèm ane nan Frè Andre , men vakans tout timoun se te pou pran plezi yo pam se te on demi jounen travay epi res la jwe .Men se te nan Madi Matin nan jou poum travay matematik mtal nan foutbòl , yo vinn dèyèm ak on bout sentiron se pete kouri poum gentan rive epi benyen a tout mkouri mpranl kanmèm lakay la nan douch la , men mte vinn al swuiv kou matematik la , mfon jounen nan jou sa e li pat fasil lespri a pat dispoze pou matematik et tou men aprè Papa'm te mennenm soti , li te di se jodia nap soti ant gason e jou mwen mete gro frèsh mwen deyò . Lè nou rankontre poun soti jou sa li mennenm nan on ti bar premye fwa msoti epi mwen wè fi ki ap defile pasi pala , jem fè dife e mte tante pa anpil bagay , sèks , alkòl eksetera . Men se nan jou sa mpral resi manyen on fanm ki pi gran ke mwen .

-"Sa se pitit mwen ui , se ti dènye 

(Mte on tijan wont a chak lè li relem konsa)

-"Mademoiselle ?

-"Monsieur kisa'm mka pran pou ou ?

- De byè ak numéro'w 

E jou sa mte etone keu Papam tap koze ak on ti jenn epi li tonbe pale avel de mwen epi mvinn antre nan konvèsasyon moun yo , ti dam lan komanse pale avem ,mwen mte bèbè mpa jwenn anyen poum di, premye fwa mte pase on sware konsa . Li fè ta mte rantre ak papam poum ka al domi e leve bonè pou lekol , rive lekol avan 7è menm routinn sou lekol ki ta pral chanje paske yo dispansem pou kou infòmatik . Jou sa se te sem lan kite dwe vinn chache'm lekol aprè inivèsite'l bon san manti li te bliyem . Bon li tap fè ta lekol mwen lage a 1è men li ta pral fè 3è e tout machann devan ak andan lekol la te sezi ke lè sa pranm lekol la yo te komanse poze'm kesyon : 

-Ou ka ale poukow ?

-Ou sur ou konn rout la ?

Mwen kite lekol la , mal kanpe devan Rex Théâtre poum pran on kamyonet ki pral Kanapevè tout moun devan lekol la te pè pou mwen , men jou a mpran kamyonet la e se rout dwat devan lakay mwen lap fè pa gn devire epi mte chita devan ak chofè a te gen on dam ki sot travay men li te telman bel .

-Vous êtes Jolie Madame

- Merci petit tonton 

Epi mpase tout res lè blokis la ak dam e mte menl domi sou li .Lem rive yo depozem epi mdesann mrantre lakay mwen, ti bwat mwen , valiz mwen sou dom map rantre mfek paret tout moun te sezi . Yo te tonbe poze'm kesyon eske mpa gen anyen , sim pa frape men jou sa mte santi mte yon gro gason tou ui epi se te premye fwa yo pral komanse lagem poum sot lekol , e nan demen yo pral vinn ajoute basket , karate , Badminton, Ping pong nan lekol la , Mwen lem te rive nan EPS lekol la nan tout aktivite sa yo , yo te komanse pa gad nan kisaw te bon men mte komane ak Basket , badminton, ping-pong  lan san mnti Karate mpat nan bagay sa voila aprè plizyè mwa kite evalye a 8 mwa lekol pral gen konpetisyon intè-ekol epi mte patisipe nan badminton ak Ping-pong, nan champyona sa nou te fini 3èm nan badminton e 5èm nan ping-pong, nou te fè program lekol la nan menm semaine lan e se te on vandredi ret 1 mwa pou egzamen leta se depi nan Vakans mprè pou egzamen an, men jou sa mte profite enjoy mwen nan program lan , aprè 3 zè papam te pase pran'm nan machinn travay li a , jou sa tout timoun yo tap gadem . Mwa ak jou ki te rekomanse repete avan egzamen. Tout moun tap tiye tet etidye mwen se revizyon mtap fè, nan menm semèn lan te vinn wè on ti dam ki rele Ana bò lakay la , se te pi bel blak kite gen nan katye a  . Jou matin semen egzamen an mte tonbe nan lekol national ki nan do Frère Andre a , mte tonbe nan menm klas , menm ranje , men mte stil paka pale avel mte anvi dil on paket bagay men mpaka pale, mte jis voye men pouli e li t reponn mwen menm jan , aprè nou te vinn rankonte aprè lekol nou te ale ansanm yo vinn chache nou.



Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

CHAPIT I

Prostitution

A Ton Avis